Kettia FĂ©lix gen 28 lane, li se yon migran ki te jwenn lanmò l nan yon nofraj Bato nan peyi Bahamas. Kettia gen yon mwa nan mòg Lopital Prensès Magarèt, kadav li pako ka antre nan tè daprè sa jounal Guardian Nassau ekri. Diego FĂ©lix, yon frè defen an ki gen 30 lane e ki […]Lire plus...
Moun yo pa rive idantifye mete dife sou 2 anplwaye k ap travay nan yon mezon transfè nan Delma 33 jounen mèkredi 31 dawout la. Daprè viktim, yo se paske mesye yo pa jwenn dola ameriken ki fè yo fè zak sa a kote yo voye gazolin anndan biwo a e boule 2 anplwaye yo. […]Lire plus...
Yon gwo kopayi gaz nan peyi Larisi ki rele Gazprom anonse li sispann distribisyon gaz li konn abitye fè sou kontinan Ewop la akoz yon travay amenajman ki kapab dire 3 jou konsa. Yon nouvèl ki lage peyi Ewopeyen yo nan gwo ke sote. Nan mwa jiyè ki sot pase la a, gazoduc Nord Stream […]Lire plus...
Jean Joseph se non yon prezime bandi ki vale dlo bouch li nan echanj kout zam ak Lapolis yè madi 30 dawout la nan laprè midi nan zòn Tòsèl. Li t ap tante chape poul li aprè l te fin touye yon chofè moto ki rele Osner ChĂ©ry. Se pandan l ap vòltije ak moto […]Lire plus...
Nouvèl la tonbe jounen lendi 29 dawout 2022 a. Doktè Odilet LespĂ©rance, jèn jinekològ-obstetrisyen, bay vag ak lavi akoz yon kansè nan sèvo. Jenn medsen 41 lane a te Sekretè Jeneral Rezo Ayisyen Jounalis Sante yo (RHJS). Se pwòch espesyalis la ki konfime nouvèl la jodi a. Sa ki mete anpil zanmi ak senpatisan doktè […]Lire plus...
Depi anba lavil pou jouk rive Petyon Vil, gwo mouvman leve kanpe òganize pou kontinye denonse pwoblèm rate gaz la nan ponp yo avèk lavi chè a k ap wonje yo chak jou pi plis. Anpil kawotchou boule, barikad sou tout fòm, popilasyon an ki an kòlè kontinye detache l ak zafè gaz ki pa […]Lire plus...
Yon nouvèl ki tonbe maten lendi 29 dawout 2022 ta fè kwè otorite nan peyi tonton Sam mete pastè Armel Lafleur anba kòd. Premyè enfòmasyon yo ta fè konprann se paske li te gen yon kantite kòb nan men l ki siperyè ak sa imigrasyon egzije. Aprè yo fin kesyone l sou orijin kòb ki […]Lire plus...
Nan yon nòt Meri Okap rann piblik jodi dimanch 29 Dawout 2022 a, yo mande piblik la eskiz akoz yo paka kontinye ranmase fatra ki boire vil la, anviwon 2 semèn aprè fèt vil la fin fete 352 lane egzistans li. Aprè gwo dine an blan ki te fèt, anpil bèl selebrasyon pou limen vil […]Lire plus...
Yon moun sòti blese, anviwon 2000 kay pase anba dlo, plis pase 10 000 moun sinistre, se bilan pwovizwa gwo lapli ki tonbe nan vil Sen Mak samdi 27 Dawout la nan aswè. Nan vil Jakmèl, yon jenn gason 21 lane mouri aprè yon loraj fin tonbe. Lapli ki tonbe dènye jou sa yo pou […]Lire plus...
Yo dekouvri kadav 2 jenn gason nan Taba 27 ap benyen nan san yo samdi 27 Dawout 2022 a nan aswè. Selon enfòmasyon yo, se yon ekip jenn gason ki t ap sikile nan yon machin Vitara ki ta louvri kout zam sou yo nan zòn Kan Akra. Nan menm semèn nan, sa fè 2 […]Lire plus...