Ekip FC Barcelone, malgre absans kèk jwè kad tankou Lewandowsky rive voye Real Madrid kònè ak yon gòl a zewo. Depi Carlo Ancelloti rive nan tèt Real Madrid, se premye fwa yo pèdi lakay yo depi yon mwa. Jwè Real yo pa reyisi fè menm yon tir kadre nan klasiko sa a ki pou yon […]Lire plus...
Madam Helen Ruth Meagher La Lime ki t ap koupe rache kòm reprezantant espesyal Nasyon Zini nan peyi d Ayiti depi plizyè lane, manda l ap bout nan mwa mas sa a. Se ekwatoryèn Maria Isabel Salvador ki nome nan plas li daprè yon kominike Nasyon Zini pibliye. Ansyèn chèf BINUH an, n ap raple […]Lire plus...
Jij Jean Wilner Morin ki t ap tande Micatin Morvan akoz yo te akize l kòm kwa li nan tèt yon rezo k ap vòlè lajan sou Moncash jwenn liberasyon l. Aprè jij la fin tande l byen ta mèkredi 1e mas la nan laprè midi, yo remete li an libète. Micatin te jwenn arestasyon […]Lire plus...
Anpil kout zam tap chante depi blòk 3 è nan laprè midi rive jis kounye a nan zòn Ba Dèlma, Dèlma 24 jiska Nazon. Se gang Krache dife k ap twoke kòn li fas ak lòt gang nan zòn nan, daprè premye eleman enfòmasyon yo. Menm gen moun ki viktim pa bal. Nan tout perimèt […]Lire plus...
Pou kantite demand paspò ki fèt sou sistèm Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon sòti 1 pou bout 27 fevriye 2023 sa a, Leta ayisyen prevwa antre 993 milyon 448 mil goud pou mwa fevriye a sèlman, daprè sa MĂ©tronome anonse nan yon tweet. Depi lè prezidan Joe Biden lanse pwogram imanitè sa a 6 janvye 2023, […]Lire plus...
Anpil kout zam otomatik chante nan Pòtoprens madi 28 fevriye a nan laprè midi. Tout moun ki anba lavil rive jis lali te nan gwo kouri. Zòn Chanmas se anpil moute desann ki te genyen akoz kout zam ki t ap chante. Daprè anpil moun, se mesye G9 yo ki t ap frape. Pa ko […]Lire plus...
Minis Zafè Etranjè peyi Trinidad la ki se Amery Browne nan tet yon delegasyon peyi CARICOM yo rive Ayiti jounen lendi 27 fevriye 2023 a. Misyon sa antre pou kapab chita ak aktè politik yo pou gade kouman yo ka jwenn solisyon ak kriz Ayiti a. Daprè sa yo anonse, y ap gen pou chita […]Lire plus...
Nan goumen pou fè paspò nan sant biwo Imigrasyon ak Emigrasyon mete nan Pak Sent Terèz Petyonvil la, yon moun pèdi lavi l, 2 lòt blese aprè zam yon polisye fin dechaje epi katouch simaye. Daprè moun ki te sou plas zak sa a rive pandan plizyè moun ap goumen pou antre anndan an, polisye […]Lire plus...
Bòy, se non chèf gang sa a Lapolis touye pandan l t ap chanje kout zam avèk yo ayè dimanch 26 fevriye 2023 a. Li te gen yon zam kalib 38 nan men l daprè nòt PNH la. Nan menm operasyon sa a, polisye yo arete 6 lòt endividi epi yo sezi 16 jwen marigwana. […]Lire plus...
Chantèz tankou Danola, Vanessa DĂ©sirĂ© ak Zomò gentan ale Ozetazini atravè pwogram imanitè Joe Biden lanse depi mwa janvye pase a. Dibango ki toujou konn ap di li pa ayisyen li menm tou gentan rive Etazini anba chapo pwogram sa a ki la pou 2 zan. Se anpil pèsonalite piblik k ap pwofite lage pye […]Lire plus...