Daprè sismològ yo, episant lan sitiye nan vil Puerto Plata an Repiblik Dominikèn. Byen bonè nan maten, jedi 18 me a, daprè sa otorite ki la pou sa yo rapòte, tè a tranble ak yon magnyetid 5.2 sou echèl Richter a lakay vwazen e Okap pran kèk sekous tou. Gen 2 lòt sekous ki te […]Lire plus...
Avèk manyè, Manchester City elimine Real Madrid nan demi final retou Lig dè Chanpyon sezon 2022-2023 a 4 gòl a zewo, 5 gòl a 1 sou 2 match yo. Se te yon match ki te jwe ak anpil entansite bò kote City kote Real te prèske absan sou 2 mitan yo. Randevou 10 jen 2023 […]Lire plus...
Bandi ak zam tire anpil katouch sou machin jij Jean Wilner Morin maten mèkredi 17 me a sou wout Frè, pa twò lwen Makèt Jòj la. Se gras ak Bakòp polisye ki Vivimitchèl yo ki kouri vin bay jij la kout men ki fè li pa gentan pèdi lavi l. Jij Jean Wilner Morin te […]Lire plus...
Ti Izo ki te gen kontwòl Matisan 2A ak Soso, se non 2 bandi gran chemen sa yo lapolis reyisi retire lavi yo. Mesye sa yo se 2 pwòch Izo 5 segond nan Vilaj de Dye. Nan moman lapolis pete fyèl ti Izo a, li t ap tante fè tèt li pase pou polisye paske […]Lire plus...
Sa pase tou prè simetyè Pòtoprens madi 16 me a nan Ang ri lantèman ak Oswald Durand. 3 chofè moto ki prezante kòm nèg k ap bay gang Izo 5 segond lan enfòmasyon vale dlo bouch yo. Se Lapolis ki retire lavi chofè taksi sa yo paske yo te gen enfòmasyon sou yo. Se plizyè […]Lire plus...
Inter de Milan bat Milan AC yon gòl a zewo nan match retou demi final Lig dè Chanpyon an jodi madi 16 me 2023 sa a. Sou ansanm 2 match klèb italyen sa yo jwe a, se 3 gòl a zewo Inter genyen Milan AC. Yon bèl kou pou Enteris yo sezon sa a. Premye […]Lire plus...
Junior BarthĂ©lemy alyas Aboulò, bra dwat ansyen senatè Youri Latortue anba kòd nan Gonayiv ayè dimanch 14 me 2023 a. Aboulò gen anpil gwo akizasyon sou do l tanjou asasina e se li menm ki te mete dife nan Palè Jistis Gonayiv la. Depi aprè arestasyon li an, lekòl pa fonksyone nan divès kwen nan […]Lire plus...
Anpil kawotchou ap boule nan antre Vil Okap maten lendi 15 me 2023 a. Nan zòn Baryè Boutèy ak kèk lòt kwen nan vil la, popilasyon an sou brenzeng li. Daprè premye eleman enfòmasyon yo, se yon mouvman ki tanmen pou anpeche Ariel Henry ak rès manm gouvènman an ale Okap 18 me k ap […]Lire plus...
Anpil patwouy polisyè, fouy sou machin ak moto, tout sa ogmante nan divès kwen anba lavil la. Nan antre Vilaj de Dye, kote chèf gang Izo 5 segond ap feraye, depi ayè jedi 11 me a, fòs lòd yo pa sispann kontrekare vagabon ak zam yo k ap simen lapèrèz nan peyi a e sitou […]Lire plus...
Pou evite dega yo plis toujou pa rapò ak kantite machin ki detounen deja, pou evite moun pran bal pandan Lapolis ap mennen batay kont gang yo sou zòn Matisan an, Sendika transpò ki reyini STTH, APCH ak FENATRATH mande tout chofè yo pa travèse Matisan apati demen lendi 15 me 2023 a. Daprè responsab […]Lire plus...