Redaktè Jounal

Alain Auguste revoke towo a pa nan tèt DCPA ankò

Daprè pòt pawòl PNH la, Lionel Lazarre, Alain Auguste pa responsab Direksyon Santral Polis Administrativ la ankò. Se ansyen responsab DCPJ a, enspektè Arold Enol Alphonse ki ranplase l. Nap raple depi lè PM Defakto a t mete non Alain Auguste sou li pou ranplase Rameau nan tèt PNH la, 2 mesye sa yo t […]Lire plus...

Yon jenn ti gason 17 lane ki nan gang touye

Lapolis nan LeyogĂ n prezante bay laprès Louivens Montina, ki gen 17 lane ki rive asasine papa l, Louis Montina, yon ansyen kazèk nan seksyon Opak. Misye di lapolis li te gen 25 lòt malfra avèk li ki nan gang nan zòn Opak la e se pou Krisla y ap travay. Louivens avwe li bay papa […]Lire plus...

Moun Kanapevè pa pran nan pyèj Claude Joseph

Fòs k ap fè rezistans kont gang yo nan Kanapevè deside kanpe manifestasyon yo t ap òganize kont ensekirite a jounen mèkredi 26 mas la paske pati politik EDE ak plizyè lòt abolotcho politik te vle pwofite de sa pou yo parèt tèt yo. Selon youn nan manm òganizatè yo, y ap pran lari a […]Lire plus...

Premye minis la sanble sou wout pou l mete tèt

Avan òganizasyon yon CSPN espesyal nan primati jounen lendi 24 mas 2025 sa a, gen yon eseyaj dwon ki te fèt ant Normil Rameau ki se direktè jeneral Polis la ak Premye minis defakto a, Didier Fils-AimĂ©. Daprè yon nòt primati a mete deyò, se yon nouvo ekipman ki genyen e yo pral bay PNH […]Lire plus...

Plizyè moun blese ak bal nan komin Dèlma

Kout zam Viv Ansanm ap pete nan Dèlma 19, Dèlma 30, Nazon elatriye deja lakoz plizyè viktim maten lendi 24 mas 2025 sa a. Gen plizyè moun ki blese ak bal nan yon machin dèlma 19 pandan chofè a pèdi lavi l. Dèlma 32, gen yon jenn gason ki pran bal nan tèt, li mouri […]Lire plus...

Contact Us