Daprè sa jounal ameriken Miami Herald rapòte, aprè lajistis fin mete Guy Philippe deyò nan prizon Atlanta (Georgia ) kote l ye a, y ap transfere l bay sèvis imigrasyon. Se sèvis imigrasyon k ap gen pou mete mesye a nan avyon epi bouskile l lakay li an Ayiti. Guy Philippe jwenn liberasyon l aprè […]Lire plus...
Daprè deklarasyon Louisher Jean Joseph ki se avoka Guy Philippe fè nan mikwo Laprès. Li fè konnen Gouvènman Ariel Henry an pa ko vle delivre paspò ak ansyen Senatè eli Grandans lan, se sa ki koz li kapab pa antre jounen jedi 7 septanm nan, jan sa te anonse. Jiskaprezan, pou anpil moun zafè paspò […]Lire plus...
German Rivera, youn nan kolonbyen ki akize nan asasina defen prezidan Jovenel Moïse la pare pou l plede koupab demen jedi a. Se devan Tribinal Federal nan Florid li pral deside rekonèt ke l te enplike nan asasina ansyen pwoteje Martelly a. Daprè jounal New York Times, li posib pou German Rivera kondane pou l […]Lire plus...
Ayè madi a nan mitan lannwit, nèg ak zam moun pa rive idantifye pete kout bal sou kay mèt Caleb Jean-Baptiste, youn nan avoka ki gen anpil dosye li angaje l landan yo dènye jou sa yo. Kèk vwazen ki te tou prè kay mèt la riposte ak bandi yo, pa gen twòp dega ki […]Lire plus...
Daprè pawòl youn nan avoka Guy Philippe yo ki se Louisher Jean Joseph, ansyen senatè eli depatman Grandans lan ap refoule sòl ayisyen an jedi 7 septanm k ap pwoche la a. Daprè sa avoka a di, Guy ap retounen pou l vin kontinye batay li t ap mennen bò kote pèp ayisyen an. Yon […]Lire plus...
Luckner Désir, animatè vedèt emisyon “Matin Débat” sou radyo ak Televizyon Eklè resevwa yon papye tenbre nan men komisè gouvènman Pòtoprens lan. Pakè a envite Loucko Désir pou l vin bay detay sou sa l te di nan mikwo l fwa pase a kote l te deklare gang yo gen bon kote yo paske yo […]Lire plus...
Jill Biden, Premye dam ameriken an teste pozitif ak kowona viris la daprè enfòmasyon ki sòti nan Mezon Blanch. Premyè dam nan ki gen 72 rekòt kafe sou tèt li prezante kèk sentom men daprè espesyalis yo, li rete lakay li. Joe Biden pa gen anyen li menm. Sa gen kèk mwa depi Joe Biden […]Lire plus...
Akoz yon travay kanalizasyon k ap fèt nan rivyè Masak, gouvènman dominiken an atravè minis Zafè Etranjè li, Roberto Álvarez, mande Leta ayisyen kanpe travay sa a rapidman. Yo di Ayiti vyole yon trete lapè ak zanmitay ki te siyen an 1929. Gouvènman dominiken an panse se detounen Ayiti ap detounen dlo a alòske yo […]Lire plus...
Depatman sa yo: Nò, Lwès, Sant, Sid, Sidès, Nip, Latibonit ak Grandans gen posiblite pou resevwa anpil lapli nan fen jounen lendi 4 septanm sa a akoz yon ond twopikal ki etann kò l sou zile karayib yo, daprè sa Direksyon Pwoteksyon Sivil anonse nan yon nòt sou kont X li. “Aktivite lapli, gwo van […]Lire plus...
Ti kras pa ti kras, anplwaye Anbasad Amerikèn yo nan pòtoprens ap deplase. Daprè yon nòt antite sa a mete deyò, li fè konnen sèvis woutye viza imigran ak non imigran yo kanpe jiska nouvo zòd. Seksyon konsilè yo ap remèt paspò ak tout moun ki te plase demand pou viza yo. Mèt dokiman sa […]Lire plus...