Gen yon lèt ki an sikilasyon sou rezo yo ki fè kwè Guy Philippe gen yon twoup k ap sòti Pestèl pou l rankontre 33 lòt nèg ak zam nan komin Tibiwon pou atake vil Okay. Lèt sa a Compère Daniel voye bay Rameau a, Guy Philippe demanti l e li di se divèsyon k […]Lire plus...
Avèk yon delegasyon ki gen plis pase 10 moun, Smith Augustin ki enkilpe nan dosye 100 milyon goud BNC a al fè vire tounen nan non Ayiti nan peyi Ozetazini. Selon yon nòt Laprezidans mete deyò, Smith Augustin al diskite ak kèk dirijan etranje pou sekirite peyi a. Li te menm chita pale ak Luis […]Lire plus...
Leta sanront la nan kouri pou bandi ak sapât, Tribinal Premye Enstans Pòtoprens lan dĂ©plase ale nan Dèlma 75. Yo kouri pou gang anba lavil, yo enstale Boudon e kounye a yo kouri ankò ale nan Dèlma 75. Olye pou Leta pran dispozisyon pou rekipere Pòtoprens nan men teworis yo, se kouri y ap kouri […]Lire plus...
Jeff Gwo Lwa ak tout Lanmò 100 jou viral sou rezo a nan plizyè videyo kote y ap fè chowòf nan Mibalè anviwon 24è aprè Lapolis te di li gen kontwòl Kafou Pelig. Bandi yo ap fè defile ak gwo zam nan men yo, y ap boule kay, y ap fè kamyon machandiz pase alèz, […]Lire plus...
Lapolis fè yon entèvansyon nan LeyogĂ n, nan zòn Laferone wikenn pase a, yo gen rezon sou plizyè kriminèl ki t ap bay popilasyon an pwoblèm. Selon pòt pawòl an aprè PNH la, Lionel Lazarre, gen pou pi piti 4 fizi ki sezi e yon pistolè kalib 9 milimèt. Popilasyon nan zòn sa a kontinye mete […]Lire plus...
Enspektè divizyonè Rony Jose ki sòti nan 10e pwomosyon PNH la ak Silmon Job, 11e pwomosyon pèdi lavi yo maten mèkredi 9 avril 2025 lan. Ajan sa yo mouri lopital aprè yo te fin blese sou wout ayewopò a anba men teworis yo. 2 fòmatè sa yo rive tonbe pandan kriminèl yo t ap tante […]Lire plus...
Gary Lyma, se non polisye UTAG sa a ki tonbe nan Mibalè pandan afwontman ant fòs lòd yo ak teworis yo madi 8 avril sa a. Ajan sa a gen 34 lane selon sa pwòch li di nan laprès. Pandan tan sa a, FrĂ©dĂ©ric OccĂ©an ki se delege depatman Sant lan anonse fòs lòd yo […]Lire plus...
Disko sa a pote non Jet Set e li twouve l nan kapital la, Santo Domingo. Li kraze maten madi 8 avril 2025 lan e gen deja anviwon 27 mò ki resanse, pliske 120 blese e yo deja ale lopital ak anpil lòt. Selon medya dominiken yo, gen 56 anbilans ki mobilize pou pote viktim […]Lire plus...
“BSAP se yon kò atache, se yon kò gang, yon ekip vòlè ki nan tout kalite zak malonèt, yo nan tout sa ki pa bon, yo se alye Guy Philippe, yo pa ka nan mennen lit kont ensekirite nan peyi a”, se konsa direktè egzekitif RNDDH la kalifye ajan BSAP yo kote li di se […]Lire plus...
Ranch Le Montcel, yon sit touristik prive nan komin Kenskòf ki sitiye nan zòn Belo, pase anba flanm dife jounen dimanch 6 avril 2025 lan. Sit sa a te konn resevwa plizyè milye moun chak ane e se yon espas ki te trè ekolojik. Pandan Lapolis ap ponmennen di yo gen kontwòl Kenskòf, gang yo […]Lire plus...