Redaktè Jounal

Gen anviwon 100 mil ayisyen ki deja kite Sendomeng

Daprè minis Kòmès ak Endistri Repiblik Dominikèn nan ki se VĂ­ctor BisinĂł, deja gen pliske 100 mil ayisyen ki kite peyi yo a volontèman. Li di chif sa a, se apati done ofisyèl gouvènman dominiken an yo kominike yo. Minis la di ayisyen sa yo leve ak pwòp volonte, san okenn ensidan epi yo retounen […]Lire plus...

Yon ansyen minis dominiken kritike Luis Abinader

Miguel Vargas k ap dirije pati politik Revolisyonè pa mezire mo l pou l kiritike prezidan Abinader. “Gouvènman an fè plizyè erè, 17 me 2021 li te konkli yon akò ki bay pasaj gratis nan kanal rivyè Masak, kounya li vle pran yon lòt mezi”, se konsa Miguel Vargas pale. Li di desizyon pou fèmen […]Lire plus...

Fanatik Jimmy Danger yo p ap tande l nan chanm

Tanbourinè epi animatè “Oh Yes Show” a, Jimmy Cimas tout moun konnen sou non Jimmy Danger, antere jounen vandredi 12 oktòb sa a an Repiblik Dominikèn. Se nan ponp finèb Funeraria Blandino, nan vil Santiago fineray la dewoule. Pyès moun pat otorize pran foto anndan an, sèlman foto Rock Star te afiche nan ekran ki […]Lire plus...

Anie Alerte pote kanal la nan kè li

Aprè l fin pote 2 milyon 500 mil goud ayè ak ekip li pou avansman konstriksyon kanal la, jodi a, men sa Anie Alerte ekri sou paj Facebook li: ” Wap bat kòw, nap travay, wap fè kòlè nap mete mòtye, blòk, fè pou n konstwi kanal diyite nou, gad janw wont Abi ou fè […]Lire plus...

Repiblik Dominikèn mete anbago sou anpil pwodwi

Andeyò de fwontyè a Luis Abinader kite fèmen pou dosye Kanal la, li pran mezi pou entèdi materyèl elektwonik, fè, siman, materyèl menajè elatriye, antre nan peyi d Ayiti. Anplis de sa, gen anpil kote lòtbò a ayisyen pa ka travay ankò. Tankou gen yon posyon gwo fèm agrikòl yo pa vle ayisyen travay yo […]Lire plus...

Mache DajabĂłn nan boule maten an

Gwo dife eklate nan mache binasyonal DajabĂłn nan byen bonè maten mèkredi 11 oktòb la. Kèk èdtan avan relouvèti fwontyè yo te anonse a, mache a kankannen. Plizyè kamyon ponpye te rive sou plas, aprè anviwon 1 èdtan pa etenn dife, vè 5è maten an, yo te oblije deplase paske dlo yo te fini, daprè […]Lire plus...

Contact Us