Depi lè bandi yo debake nan komin Gresye kote atak yo te miltipliye 30 jwen pase a, se pa moun ki mouri ak blese sèlman. Gen anviwon 23 000 peyizan ki pati kite kay yo pou al kache nan zòn Kolin 3 ak 4, nan lokal dwĂ n nan, Brach epi LeyogĂ n. Gen moun Gresye ki […]Lire plus...
Garry Conille mete Rouseline Guillaume direktris kominikasyon Primati. Li ranplase nan pòs sa a Chenald Augustin ki te ladan l depi anviwon 3 lane. Chenald Augustin transfere nan Cefopafop, yon lòt branch nan Primati a. Madam Guillaume te travay nan Televizyon Nasyonal e li etidye Maketing ak relasyon piblik nan CEDI. Li enstale nan pòs […]Lire plus...
3 sitwayen ayisyen pèdi lavi yo an Repiblik Dominikèn pandan wikenn ki sot pase la a. Sou kont X li, minis Zafè Etranjè ayisyen an, Dominique Dupuy kondane zak la epi li mande gouvènman dominiken an pou l degaje l bay detay sou asasina resòtisan ayisyen sa yo. Toujou daprè mesaj madam Dupuy a, Anbasad […]Lire plus...
Pierre EspĂ©rance pa menm ka ekri yon rapò, se siyen sèlman li la pou l siyen rapò pawòl komisè gouvènman MiragwĂ n nan, Jean Ernest Muscadin nan mikwo Laprès jounen lendi 8 jiyè 2024 la. Komisè Muscadin voye di Pierre EspĂ©rance, avan l ekri yon rapò sou li fòk li ta retounen lekòl pou l pase […]Lire plus...
Nan yon konferans pou laprès ki bay nan tèt kole ant DG Normil Rameau ak responsab fòs Kenya a jounen lendi 8 jiyè a, Kòmandan kenyan an, Godfrey Otunge di yo pare pou ede aktè ayisyen yo mate fenomèn ensekirite a nan peyi a. Normil Rameau sou bò pa l deklare rekreyasyon an fini pou […]Lire plus...
Christine Lamothe, vin nouvèl fanm ki ranplase Luc Harvey Jean Pierre nan Anbasad peyi d Ayiti lakay vwazen. Christine te fè yon bon pati nan etid klasik li nan peyi Dominikani, li etidye diplomasi ak relasyon entènasyonal. Li te fè anviwon 6 lane eksperyans nan diplomasi Ayisyèn lan nan Peyi Brezil avan l te vin […]Lire plus...
Chanjman yo ap rapouswiv nan tèt Lapolis la. Komisè Divizyonè Michel Ange Louis Jeune se nouvo pòt vwa PNH la. Li enstale nan pòs li jounen vandredi 5 jiyè a. Kanta Garry Desrosiers, li transfere nan Direksyon Planifikasyon Estratejik ak Devlopman enstitisyon an. Michel Louis Jeune te jwe wòl sa a deja. Se vre gen […]Lire plus...
Aprè yon match mi fig mi rezen ant Ajantin ak Ekwatè ki fini yon gòl nan chak kan, se nan seyans chout penalite ajanten yo separe ak ekwatoryen yo nan kadefinal Kopa Amerika 2024 la. Gras ak 2 arè mèvèye gadyen ajanten an fè, Ajantin travèse nan demi final konpetisyon an. Seyans fatidik yo te […]Lire plus...
Bandi ak gwo zam fann fwa ki kontinye ap dirije peyi a touye 3 moun nan komin Kafou espesyalman nan zòn Akachon 32, ri Genè. Sa pase nan fen jounen jedi 4 jiyè 2024 la. Nan 3 moun sa yo, daprè Synapoha , polisye ki viktim yo se 2 Enspektè Divizyonè. Malfra yo ale ak […]Lire plus...
Plizyè polisye Kenyan ki te deja rive nan peyi a fè patwouy jounen mèkredi kite 3 jiyè 2024 la nan anviwonnman Direksyon Jeneral Polis la. Yo te mache rive jis Kafou Rita e divès moun te ka konstate yo nan lari a. Pandan tan sa a, nan komin Kafou ak Gresye, se rèl kay makorèl. […]Lire plus...
