Jour : <span>14 décembre 2023</span>

Papa Bout Ba konfime misye te Pòsali tout bon

Alòske komisè Ronald Richmond te pran mikwo Laprès pou demanti komisè Muscadin, arestayon fanmi chèf gang nan gaye wonn nan. Komisè Muscadin fouke papa Bout Ba, bèlmè l ak tout yon frè l. Nan kesyon komisè a poze papa vagabon an, li konfime pou li chèf gang nan te Pòsali e li te kache nan […]Lire plus...

Lapolis pete fyèl 3 bandi Kanaran

Kesnel, Doudly ak Nabo, se non 3 manm gang Kanaran ajan UDMO Lwès-II vide atè lendi 11 desanm 2023 a daprè enfòmasyon PNH la pataje. Se pandan ajan yo t ap fè yon patwouy nan zòn Onavil 18 ak 22, zòn Bò sab ak lòt ankò yo sote sou nèg sa yo k ap fouye […]Lire plus...

Frantz Elbé debake nan peyi Kenya

Direktè Jeneral Lapolis la twouve l nan peyi Kenya daprè enfòmasyon enstitisyon polis kenyàn nan bay sou kont X li. Pandan vizit 3 jou sa a, chèf Polis la ap gen pou fè divès rankont ak otorite yo nan vil Nairobi sou sekirite. Daprè nòt sa a, Frantz Elbé deja chita pale ak Enspektè Jeneral […]Lire plus...

2 moun mouri ak bal pèdi ankò nan Maryani

Ayè madi 12 desanm 2023 a, 2 sitwayen pran bal nan Maryani pandan batay ki genyen ant bandi ak Lapolis nan zòn sa a. Yo jwenn kadav moun sa yo tou prè « Bèl paking » daprè detay nou jwenn. An menm tan, gen yon lòt jenn gason ki pran bal nan blòk Paloma nan riyèl Mi […]Lire plus...

Contact Us