Antony Blinken ki se Sekretè d Eta ameriken pale ak Ariel Henry jounen jedi 7 mas la. Selon Brian Nichols ki se yon gwo chèf nan depatman d Eta, Antony Blinken di Ariel Henry gen ijans nan moman an pou gen yon tranzisyon plis laj epi ki kapab entegre tout kouch pou debloke peyi a. […]Lire plus...
Nan mikwo medya BBC, gen plizyè ofisye nan peyi Kenya ki te dwe vini Ayiti ki fè konnen yo pa entèrese ankò. Gen nan yo ki mande retire non yo nan lis ki te deja pare a. “Lavi nou pi enpòtan, sa nou wè ki gen Ayiti a, li pa dous”, se sa youn ladan […]Lire plus...
Alòske 3 jou ki sot pase yo, gang yo defye desizyon gouvènman defakto an te pran pou dekrete kouvrefe sou tout depatman Lwès la, yo pwolonje l pou yon mwa. Apati jedi 7 mas la jiska mèkredi 3 avril, nan depatman Lwès la, pa dwe gen manifestasyon nan lari, yon peta pa gen dwa tire […]Lire plus...
Ariel Henry poko travèse Jamayik jan sa te anonse. Li toujou twouve l nan peyi Pòtoriko e li loje nan yon batiman kote se ajan FBI k ap voye je sou li jiskake towo an demisyone. Yèswa, nou aprann chèf gouvènman defakto an te pale ak otorite CARICOM yo pa videyokonferans. Doktè a sanble ap […]Lire plus...
Tout manm gouvènman an ki deyò peyi a nan gwo tèt chaje. Depi ayè, EmmĂ©lie Prophète MilcĂ© te twouve l an Repiblik Dominikèn men se nan yon salon diplomatik yo te akeyi l. Aprè midi a, li retounen Etazini nan yon vòl komèsyal. Minis Jistis ak Kilti peyi d Ayiti a poko konn kilè l […]Lire plus...
Vwayaj diplomatik sanble fini pou Ariel Henry. Ansyen premye minis ayisyen an ki tounen yon zwazo depi kèk jou, twouve l anba gwo presyon nan moman an. Alòske li dwe rann li Jamayik nan yon reyinyon kote gen 3 ansyen premye minis peyi Karayib yo k ap prezan, yo mande l se ak pwòp lajan […]Lire plus...
Selon jounal Miami Herald, otorite amerikèn yo ak manm CARICOM yo deja lache Ariel Henry. Yo mande l pou l remèt demisyon l rapidman e bay yon lòt tranzisyon dirije peyi a. Daprè Miami Herald, otorite CARICOM yo kapab menm fè doktè a anrejistre yon mesaj kote l ye a pou l anonse depa li […]Lire plus...
Yon avyon “Air CaraĂŻbes” t ap vin Ayiti, akoz pwoblèm ki genyen yo, li oblije ateri Sendomeng. EmmĂ©lie Prophète MilcĂ© ki se minis Kilti ak minis Jistis Gouvènman Defakto a te nan avyon sa a. Pou kounya madanm minis la bloke Sendomeng paske maten an, gouvènman dominiken an koupe tout espas ayeryen li ak Ayiti. […]Lire plus...
Ansyen premye minis ayisyen an, Ariel Henry, ap konnen yon move moman nan peyi etranje yo. Yon avyon prive ki sòti avèk li nan Ayewopò Tertederro nan Eta New Jersey kay Tonton Sam te dwe depoze l nan youn nan Ayewopò Sendomeng yo. Responsab dominiken yo pa dakò. Sa ki lakoz avyon an kase tèt […]Lire plus...
Akoz kriz k ap brase bil peyi a dènye jou sa yo e sitou akoz 2 prizon ki kase an Ayiti yo, gouvènman dominiken an deside fèmen fwontyè DajabĂłn nan ak Pedènal. Anplis de sa, Leta dominiken mete plizyè sòlda nan Lame Dominikèn pou fè patwouy sou fwontyè a pou evite prizonye ki an kaval […]Lire plus...