Alòske Barcelone te bat PSG 3 gòl a 2 lakay li nan Pakdèprens lan semèn pase a, jodi a, FC Barcelone pat ka leve tèt gade parizyen yo. Yon match retou Barcelone pèdi 4 gòl a 1 pandan Araujo te pran katon wouj depi nan premye mitan match la e nan dezyèm mitan an, Xavi […]Lire plus...
Lapolis Nasyonal d Ayiti, mare sipèvizè dwĂ n Okap la ki se Jean Bernard Joseph samdi 13 avril 2024 pase a paske yo sispèk li enplike nan fè zam antre nan peyi a. Anplis sipèvizè, li se chèf sèvis tou nan menm dwĂ n sa a. Pandan yo t ap arete li, polisye yo jwenn li ak […]Lire plus...
Nan yon rapò RNDDH mete deyò kote yo site Sendika transpò ayisyen yo, yo bay 13 kote bandi ap pran lajan nan men chofè. Yo repati konsa: 3 pòs nan riyèl Alèt nan Pòtoprens, 3 Site Solèy, 2 sou wout nasyonal nimewo 1 an tankou Titanyen, 2 sou wout nasyonal nimewo 2 tankou Matisan ak […]Lire plus...
Aprè Lapolis te fin koupe souf chèf gang Dèlma 95 lan ki se Ernst JulmĂ© alyas Ti Grèg, fanmi l temwanye rekonesans yo anvè l. Nan yon restoran ki rele Mirelle’s Restaurant nan zòn Wesbury nan Nouyòk, se la fanmi defen chèf gang nan chante yon antèman senbolik pou li ayè samdi 13 avril la […]Lire plus...
Mèt peyi yo fè dap piyanp sou yon bato ki rele “Jezi Vle” ki t ap pote 1500 sak diri sou zile Lagonav. Vòlè yo detounen bato a ayè samdi 13 avril la ak tout 6 manm ekipaj ki te ladan l. Yo antre ak bato sa a nan zòn Pò Lafito daprè SEMANAH. Dènye […]Lire plus...
Administrasyon Biden nan prevwa bay Fòs Lame d Ayiti a yon kout men nan materyèl y ap bezwen. Daprè sa yon gwo bra nan Depatman d Eta ameriken deklare nan laprès, politik yo vizavi lame d Ayiti pa chanje men yo rekonèt sipò lame a ap bay PNH la nan kad batay y ap mennen […]Lire plus...
Fritz Chenet Pierre, se non polisye sa a bandi vide atè nan zòn Vilaj Solidarite, sou wout Ayewopò a, nan komin Dèlma. Daprè SYNAPOHA, se pandan polisye a sot travay nan komisarya ki nan Ayewopò Tousen Louvèti a, epi li te pase wè yon pwòch li yo touye l. Avan li mouri, li blayi youn […]Lire plus...
9 manm yo mèt kòmanse prepare kostim yo, arete ki pote kreyasyon ak òganizasyon Konsèy Prezidansyèl tranzisyon an pibliye ofisyèlman nan jounal ofisyèl peyi a ki se “Le Moniteur”. Arete sila a ki gen 13 atik pote sinyati tout manm gouvènman demisyonè ki gen Ariel Henry nan tèt li. Rete pou konnen kilè e kòman […]Lire plus...
Pou mwa avril 2024 sa selman gen anpil moun ki pa konfime nan pwogram Pawòl Biden nan. Sponsò yo resevwa repons sa a sou email yo “Case Not Confirmed” kidonk moun sa yo pa apwouve. Anpil moun ki aplike pou pwòch yo gen Ayiti fè konnen se pa pwoblèm kapasite ekonomik yo genyen. Poko gen […]Lire plus...
Daphcar se konsa yo rele l. Li konn fè reklam pou “Paryaj pam” daprè enfòmasyon k ap sikile. DCPJ al fouke manzè lakay li nan Pèleren 7 ayè mèkredi 10 avril la. Yo prezante l kòm manm Baz 257 k ap opere nan Mòn Laza nan Petyonvil. Li gen lyezon tou ak yon polisye ki […]Lire plus...