Fanmi Clifford DumĂ© poko pran nouvèl li jiskaprezan kontrèman ak premyè enfòmasyon kote gen yon jounalis kiltirèl “OB” ki te di se imigrasyon lakay vwazen ki te depòte li a. Frè li Wadson DumĂ© ki Sendomeng fè konnen se pa vre ditou, fanmi ki Ayiti yo poko wè l, se chache y ap chache l […]Lire plus...
Andres Manuel Lopez Obrador, prezidan Meksiken an koupe relasyon l ak anbasad amerikèn ak kanadyèn ki nan peyi l poutèt yo foure bouch twò fon nan dosye Jistis peyi l. “Nou pran yon poz”, se sa prezidan Meksik la deklare ayè madi 27 dawout la. Gen yon refòm jidisyè k ap fèt nan peyi Meksik, […]Lire plus...
Michelle Nathanielle Medjine pèdi lavi l byen bonè maten mèkredi 28 dawout la nan Dèlma 75, zòn Katalpa, daprè konfimasyon Sendika Lapolis la. Se endividi ak zam moun pa rive idantifye ki touye polisyè a pandan l te nan machin li pou l al travay. Polisyè sa a sòti nan 28èm pwomosyon PNH la. Nan […]Lire plus...
Ansyen chanpyon Podyòm Katye a sou RTVC, Clifford DumĂ© twouve l nan peyi d Ayiti nan moman an. Daprè fanmi an, rezon ki fè yo pat janm tande l depi dimanch pase a, se imigrasyon Sendomeng ki bouskile l Ayiti tankou jan y ap plede fè sa chak jou. Pou kounye a li ak fanmi […]Lire plus...
Depi byen bonè maten madi 27 dawout la, plizyè inite nan PNH la ap mennen yon operasyon nan lokalite Bèlè nan Pòtoprens ak zòn ki anviwonnen l yo. Pliske 10 blennde mobilize nan kad operasyon sa a ak yon anjen lou pou kraze kay. Plizyè bandi deja vale dlo bouch selon premye eleman enfòmasyon yo […]Lire plus...
Kèk polisye Kenyan ki enstale nan peyi d Ayiti e ki pale anba anba ak CNN fè konnen yo poko jwenn kòb yo depi 2 mwa. Yo di yo gen ijans pou lajan yo a paske lekòl pral relouvri nan peyi yo Kenya, yo vle voye lajan bay fanmi yo pou sa. N ap raple […]Lire plus...
Mikelson Dasmy fè bak. Kèk tan aprè li fin di wè pa wè bal Sweet Micky te dwe jwe 31 dawout 2024 la nan “Bambou Night Club” la ap fèt kanmenm, li tounen pale ak laprès pou di bal sa a kanpe pou yon lòt dat ki poko fikse. Chèf “Mikel Entertairnment” lan pa pale […]Lire plus...
“Lapolis paka mande yon mèt klèb pou l kanpe yon sware oubyen anpeche yon atis jwe. Si w pa renmen Sweet Micky, ou ka pa vini men ou paka anpeche fanatik li yo vin danse l”. Sa a se deklarasyon Mikelson Dasmy, pwomotè bal Martelly gen pou jwe 31 dawout la nan Bambou Night Club, […]Lire plus...
Moe Jersey, youn nan pwomotè bal Sweet Micky yo deklare Lapolis nan Elizabeth ekri l pou mande l anile bal Michel Martelly te dwe jwe nan Empire Lounge lan. Daprè sa pwomotè a di jounalis Luckson St Vil, nenpòt responsab klèb ki aksepte pwograme sweet micky y ap nan gwo pwoblem. Gen anpil òganizasyon ak […]Lire plus...
Premye minis ayisyen an, doktè Garry Conille ak minis jistis la Carlos Hercule swete jwenn plis enfòmasyon sou sa ki gen pou wè ak sanksyon blan meriken bay Michel Martelly lè yo di li se parenn gang epi li se trafikan dwòg. Premye minis la di y ap fouye zo nan kalalou pou konnen plis […]Lire plus...