Madelin Fils-AimĂ© se nouvo kòdonatè OMRH, Daniel Coriolan nome kòm kòdonatè BACOZ, gen nouvo Sekretè d Eta Popilasyon ak Developman ki pran pòs li rele James EngĂ©, Carl-Henry PĂ©riclès nome kòm kòdonatè CONALD epi Derby Guerrier nome kòm kòmandan an chèf Lame d Ayiti nan plas Kòmandan Lessage. BACOZ se yon biwo ki la pou […]Lire plus...
USCIS di yap kontinye aksepte aplikasyon, men okenn ladan yo p ap konfime, toutotan ankèt y ap mennen sou fwod yo pa fini. Yo mande benefisyè ki deja resevwa otorizasyon vwayaj yo, pou yo toujou verifye kont USCIS yo, pou gade si pa gen chanjman ki fèt avan yo prepare vwayaj yo. Sèlman otorite yo […]Lire plus...
Ane akademik 2024-2025 lan ap redemare 1e oktòb 2024 olye 9 septanm. Se minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Augustin Antoine ki anonse nouvèl sa a jounen madi 6 dawout la pandan li menm ak premye minis Garry Conille t ap vizite kèk sant egzamen nan kapital la, pandan dewoulman eprèv bakaloreya yo. Minis […]Lire plus...
Bandi ki ame jouk nan dan debake nan lokalite Bercy nan komin Kabarè, yo touye anviwon 9 moun e yo boule plizyè kay nan menm zòn sa a nan lannwit 6 Out 2024 la. Komin Akayè pat epanye nonplis anba men bandi yo ki fè anpil deblozay nan menm sware a. Tout sa yo vle […]Lire plus...
Yon konsè evanjelik ki prevwa fèt nan vil Brooklyn soulve plim sou do pastè Malory k ap dirije legliz Salvation poutèt yo envite atis Émeline Michel pou l vin jwe nan konsè a. Daprè pastè a, atis la pa gen okenn enterè pou yo envite l nan yon konsè kretyen ap fè paske li pa […]Lire plus...
Raoul Pierre-Louis, prezidan Konsèy Administrasyon BNC a te nan biwo Inite Lit Kont Kòripsyon ayè lendi 5 dawout 2024 la. Anketè ULCC yo pase 7 èdtan ap tande Raoul Pierre-Louis akoz li akize 3 konseye Prezidansyèl yo men pako gen okenn detay ki sòti sou odyans lan. Raoul Pierre-Louis te nan biwo ULCC sou dosye […]Lire plus...
Nesmy Manigat kòm chèf kabinè, Stanley Emmanuel Augustin, StĂ©phanie Dorsainvil, Anouk Ewald, Enomy Germain, Romero Guy Latry, Sharina Lochard, Bernard H. Gousse, doktè Nikita SĂ©jour, Marie Elisabeth Bianca Sinsleis, Marie Christine Stephenson ak Hans Tippenhauer se 12 moun sa yo Premye Minis Garry Conille di ki fè pati kabinè li a. Sou kont X li, […]Lire plus...
Yon polisye ayisyen ak yon jamayiken sòti blese, yon kapitèn bato kidnape samdi 3 Out la nan aswè aprè gang Izo a fin atake yon bato ki t ap pote pasaje sòti APN pou ale MiragwĂ n. Kapitèn bato banti yo kidnape a, se pandan l t ap akoste pou pote sekou bay premye bato ki […]Lire plus...
DwĂ n komin Gantye a kankannen, yon machin blennde Lapolis boule, se bilan atak gwoup gang 400 mawozo a fè nan komin sa a maten dimanch 4 Out la. Aprè plizyè èdtan ap echanje kout bal ak atoufè yo, kèk polisye ki te la yo te oblije dezangaje paske yo pat ka jwenn ranfò. Aksyon sa […]Lire plus...
Diplomat ameriken pou Amerik Latin nan Brian Nichols deklare se kandida opozisyon an nan peyi Venezyela, Edmundo GonzĂ les ki ranpòte eleksyon prezidansyèl yo. Daprè diplomat la, Etazini pare pou rekonèt Edmundo kòm nouvo prezidan peyi sa a. Yo di yo gen bon jan prèv ki ka montre Maduro pèdi eleksyon an. Etazini ap mate Venezyela […]Lire plus...