Hunter Biden ki te gen dosye zam ilegal sou do l ak fwod fiskal pa nan petren ak lajistis amerikèn ankò. Kèk semèn avan li kite Mezon Blanch lan, Joe Biden fè pitit li a gras. Nan yon kominike prezidan an mete deyò, li di akizasyon ki tonbe sou do pitit gason l lan gen […]Lire plus...
Dram sa a pase nan vil Azua an Repiblik Dominikèn kote 26 resòtisan ayisyen pami yo 2 ti moun te viktim anpwazonman aprè yo fin bwè yon pake ji. Moun sa yo t ap travay nan yon jaden zonyon selon detay ki bay, yo t ap vomi anpil e yo te enkonsyan. Selon Direktè Lopital […]Lire plus...
Lafleur Marie Emmanuella ki fèt nan lane 1991 pèdi lavi l britalman nan ang ri Kamo ak ri Kapwa nan Pòtoprens samdi 30 novanm 2024 la. Ensidan sa a pase pandan bis la t ap sòti Kafou pou antre Pòtoprens. Viktim nan pran yon bal nan do, li mouri andedan bis la sou ban kote […]Lire plus...
SWAT ak UTAG fè yon pote boure nan komin Gresye vendredi 29 novanm 2024 la e yo blayi anpil bandi antè. Pami zèfèyis ki al jwenn bawon yo gen Ti Blan ak Ti Miguel. Gen yon lòt ki rele Ti John y ap chache yo poko ka jwenn li. Pandan operasyon sa a, gen anpil […]Lire plus...
Misyon Miltinasyonal la mete yon baz avanse nan Enspeksyon Jeneral PNH la ki te abandone depi plizyè mwa aprè gang ak sapat yo te fin mete yo deyò. Sit sa a ki twouve l pa twò lwen baz CIMO a ak Direksyon Santral Polis Woutyè vini yon pwen estratejik pou Lapolis ak kenyan yo kontinye […]Lire plus...
Ekip Liverpool la genyen Real Madrid 2 gòl a zewo nan Lig Chanpyon yo jodi a. Yon match kote Real Madrid te gen anpil okazyon gòl men malerezman finisyon yo pat bon. Madrilèn yo pat ka reziste fas ak klèb anglè a ki te monte anpil sou yo pandan tout match la. Kylian MbappĂ© rate […]Lire plus...
Plizyè anpwalye Nasyon Zini kite vil Pòtoprens sou lòd òganizasyon an nan elikoptè. Elikoptè mete yo Okap e se la yo pran avyon pou rantre lakay yo. Nasyon Zini di se akoz vyolans ki gen nan peyi a yo pran mezi sa a. Yo toujou mete pwoblèm ensekirite a devan pou yo fè sa tandiske […]Lire plus...
SDPJ Sidès nan tèt kole ak UDMO mete anba kòd Mirlande Dor ayè lendi 25 novanm nan nan aswè akoz li fè similasyon kidnaping sou pwòp tèt li depi jedi 21 novanm 2024. Li menm ak mennaj li ki fè tèt li pase pou kidnapè te aranje yo pou mande fanmi an 10 mil dola […]Lire plus...
Zòn Kafou Ayewopò, avni Poupla, Nazon, Kriswa ak kèk kwen anba lavil, Lapolis prèske pase tout jounen an ap twoke kòn li ak bandi ak sapat k ap simen latwoublay nan peyi a. Plizyè tantativ fèt nan menm jounen sa a pou bandi yo te atake radyo Mega Star daprè kèk sitwayen ki sou plas. […]Lire plus...
Jimmy ChĂ©risier alyas Babekyou, chèf gang ba Dèlma fenk sot pete kouri ankò devan Lapolis nan fen jounen lendi 25 novanm nan. Chèf gang nan, malgre divèsyon l ap fè men li pa janm vle ret kanpe goumen ak polisye yo. DDO1 melanje ak kèk sòlda nan FAd’H la fenk sezi yon machin gwo figi […]Lire plus...