Depatman d Eta ameriken anonse jodi a yon nouvo pwogram refijye ki rele “Welcome Corps”. Atravè pwogram sa a, prezidan Joe Biden vle akeyi 125 000 refijye pou antre Etazini pandan ane 2023 a. Nan kad pwogram sa a, se sitwayen ameriken ki kapab met ansanm pou akeyi moun sa yo. Pou premye ane a, […]Lire plus...
Daprè yon sous nouka fè konfyans, bis bandi yo te atake ayè mèkredi a nan wout ap retounen an Repiblik Dominikèn ak tout chofè a. Kanta anplwaye ki te pran katouch la, HaitiNews aprann li sou wout tou pou ale opere lakay vwazen. Gen moun nan bis la ki te lage kò yo nan raje […]Lire plus...
Alex Amstrong Dumornay, ansyen polisye ak chèf gang ki t ap fè lalwa nan komin Petyonvil pase mal pandan l t ap tire ak Lapolis. Zak sa a pase mèkredi 18 janvye a byen ta nan laprè midi. Alex sa a patisipe nan asasina polisye e li konn fè anpil lòt aksyon malonèt. Se yon […]Lire plus...
Kansè kidnaping nan kontinye ap jwe nan peyi a. Martine Fouchard Ledan ki se direktris enstitisyon Denise Fouchard viktim zak kidnaping yè madi 17 janvye a nan maten. Se sou wout Pèleren an malfra yo leve madanm nan alòske l te sou wout pou ale nan travay li. Ravisè yo egzije gwo mago lajan pou […]Lire plus...
Aprè plizyè semèn depi yo te kanpe pou rezon ensekirite ak mouvman peyi lòk la, konsila ameriken nan peyi Dayiti a anonse yo reprann sèvis viza regilye li yo nan kòmansman mwa janvye a. Responsab yo redemare ak sèvis tretman demand renouvèlman viza yo tou. Sa gen kèk jou depi aktivite yo te fè yon […]Lire plus...
Sèvis Nasyonal Migrasyon peyi Panama anonse yo voye 8 konpatriyòt ayisyen retounen nan peyi Dayiti akoz yo prezante fo viza nan ayewopò entènasyonal Tocumen. Daprè kominike sa a, moun sa yo te sòti Repiblik Dominikèn e yo t ap pase pa Panama pou ale Salvador. San patipri, Panama voye yo retounen lendi 16 janvye pase […]Lire plus...
Fabiola Dupoux LĂ©ger ki se sè David Dupoux te viktim de zak kidnaping jounen madi 17 janvye 2023 a nan komin Taba. Se nèg ak ame jouk nan dan ki te fè dappiyanp sou madanm nan. Kèk èdtan aprè anlèvman sa a, fanmi li konfime bandi yo libere l. Pa gen enfòmasyon ki bay sou […]Lire plus...
Gen nan jij CSPJ mete sou kote nan sistèm nan pou vòlè tè, poutèt yo bat moun e menm blese yo. Gen youn pami yo CSPJ voye ale paske li te dechèpiye bijou li te jwenn sou yon kadav pandan l t al fè konsta l, daprè sa MĂ©tronome rapòte. N ap raple defen prezidan […]Lire plus...
Pami jij sa yo CSPJ pa remèt sètifika pou kontinye travay gen Jacques Lafontant ki se komisè gouvènman, BrĂ©dy Fabien, Gary OrĂ©lien, Ikenson EdumĂ©, Yvon Jean-Noel, Ramoncite AccimĂ©, MacĂ©nat Desmornes ki li menm nan Gresye pou n site sa yo ase. CSPJ fè konnen jij sa yo nan kòripsyon, abi otorite, anrichisman nan move kondisyon […]Lire plus...
LĂ©on Jean-Marie Guillaume, direktè CONATEL la vale dlo bouch li nan yon lopital nan peyi Etazini kote l t ap resevwa swen. Direktè a vole jounen lendi 16 janvye a. Li tap soufri ak yon kansè ki te nan stad avanse, ki voye sitwayen an ale. Anpil gwo chabrak tonbe akoz aksidan vaskilè serebral an […]Lire plus...