Jimmy Chérisier alyas Babekyou, chèf gang ba Dèlma fenk sot pete kouri ankò devan Lapolis nan fen jounen lendi 25 novanm nan. Chèf gang nan, malgre divèsyon l ap fè men li pa janm vle ret kanpe goumen ak polisye yo. DDO1 melanje ak kèk sòlda nan FAd’H la fenk sezi yon machin gwo figi […]Lire plus...
Lapolis nan komisarya Pòtoprens mete anba kòd Loubenson Benjamin alyas Ti Youri jounen lendi 25 novanm 2024 la. Arestayon sa a vini touswit aprè Ti Youri te fè yon gwo eskonbrit ak minis Zafè Sosyal la ki se Georges Wilbert Franck. Nan moman la a, Ti Youri toujou nan men Lapolis. N ap raple se […]Lire plus...
Lapolis mennen yon operasyon nan fyèf Babekyou ayè dimanch 24 novanm nan, daprè enfòmasyon nou dispoze te gen anviwon 14 blennde nan operasyon sa a. Polisye yo rive nan kay kote Babekyou rete a, yo kraze plizyè machin ak kay ki nan blòk la. Pandan pote boure a, Babekyou te gentan retire kò l nan […]Lire plus...