Jour : <span>3 juin 2024</span>

Gen 2 kanon an ajan ki disparèt nan Sitadèl la

Enstiti ki la pou voye je sou patrimwàn nasyonal yo (ISPAN) fè konnen li resevwa yon rapò premye jwen 2024 ki fè konnen gen 2 ti kanon (couleuvrines) ki fèt an ajan ki disparèt nan Sitadèl Laferyè nan komin milo, yo pa konn kote yo fè. Daprè ISPAN, gen yon ankèt ki deja louvri kote […]Lire plus...

Eleksyon nan peyi Meksik, yon fanm ranpòte lamayòl

Claudia Sheinbaum ranpòte eleksyon prezidansyèl yo nan peyi Meksik avèk yon laj viktwa sou advèsè li Xotchilt Galvez, yon ansyèn senatè. Claudia se yon kandidat goch e Xotchilt, yon lòt fanm tou ki te rive nan somè a avèk li se yon sant-dwat. Eleksyon sa yo te fèt ayè dimanch 2 jwen an nan peyi […]Lire plus...

Premye Minis Garry Conille enstale nan Primati

Seremoni pou enstale premye minis Garry Conille nan pòs li nan Primati Repiblik la fèt lendi 3 jwen an nan laprè midi. Depi byen bonè maten an, Sekretarya Primati a te voye lèt envitasyon pou laprès. Garry Conille enstale alòske manm gouvènman li yo poko prezante bay gran piblik la. Garry Conille gen anpil travay […]Lire plus...

Contact Us