Jour : <span>21 février 2023</span>

Seleksyon feminin Ayiti a kalifye pou koup di mond 2023

Aprè 2 gòl Melchie Daëlle Dumornay alyas « Corventina » fin enskri nan match la, seleksyon nasyonal feminin ayisyèn nan mete do Chili atè 2 a 1. Malgre Nérilia Mondésir rate yon penal, sa pa anpeche Ayiti jwenn biyè a pou mondyal la ki pral òganize nan 2 peyi ki se Nouvèl Zeland ak Ostrali. Se nan […]Lire plus...

Putin di se Etazini ki vini ak metòd masi madi

Yon ti kras tan aprè Joe Biden sot fè yon vizit sipriz nan peyi Ikrèn, Vladimir Putin, nan yon deklarasyon kritike Etazini anpil. Se Loksidan ki vini ak yon seri vye bagay ki kraze Ikrèn. Yo defòme kilti nou, yo vini ak pedofili epi fanm ak fanm gason ak gason, pawòl prezidan Larisi a ki […]Lire plus...

Real Madrid fini ak Liverpool

Nan match ki te mete Liverpool an fas ekip Real Madrid la jodi a nan Ligue des champions an, malgre anglè yo t ap mennen 2 a 0 sou espanyòl yo, sa pa anpeche yo fini ak Liverpool 5 gòl a 2. Anpil jwè Real yo make gòl pami yo dènye balon dò yo a […]Lire plus...

Lapolis mete fen nan vi yon gwo bandi manm 400

Amos Rémy se non youn nan bandi ki fè pati gwoup gang 400 mawozo ki tonbe nan echanj kout zam ak Lapolis nan zòn Bon Repo lendi 20 fevriye 2023 a. Amos fèt nan lane 1993. Polisye yo jwenn li ak pistolè mak Bersa epi yon kouto ak anpil lòt materyèl ankò. Bandi sa a, […]Lire plus...

Contact Us