Jour : <span>10 janvier 2023</span>

Madanm Mikaben kase met nan men Ticket Magazine

Vanessa Fanfan Benjamin ki se madanm defen Michael Benjamin pa jwenn mo pou l kritike Ticket Magazine ki poste lanmò mari l kòm “Tragédie de l’année”. Nan yon pòs li fè sou Instagram vèv la ekri “se degoutan e menm mechan”. Li ajoute pou l di li etone pou tout sa mari l fè pou […]Lire plus...

Pastè Armel Lafleur ale devan Pakè jodi a

Alòske li te koupe premye envitasyon komisè gouvènman an te fè l la kout je, jodi madi 10 janvye a, pastè Lafleur desann Pakè pou al reponn kesyon sou sa yo kritike l yo. Nan moman an, lidè Legliz “Porte Étroite” la nan kazye mèt Jacques Lafontant. Pastè Lafleur jwenn repwòch akoz ki t ap […]Lire plus...

Devan imigrasyon pa gen kote pou pike zepeng

Depi aprè prezidan Joe Biden fin deklare l ap resevwa 30 mil migran chak mwa a, devan sèvis imigrasyon ak emigrasyon nan peyi Dayiti se wololoy. Anpil moun desann sou Lali a pou jere zafè paspò yo paske yo vle tante chans yo. Chif yo ogmante konparativman ak jan sa te konn ye avan. Plis […]Lire plus...