Jour : <span>13 septembre 2022</span>

3 moun mouri Delma pami yo yon fanm ansent

Misterline Charles se non yon fanm ansent ki mouri nan komin Dèlma aprè midi 13 septanm 2022 a anba bal pandan l t ap prepare yon espageti. Popilasyon an akize yon ajan UDMO ak yon ajan sekirite ONA, selon yo menm ki ta komèt krim sa a. Menm moman an, gen 2 lòt moun ki […]Lire plus...

Radyo Model FM pran nan woulo konpresè a

Nan kad mobilizasyon ki genyen nan jounen madi 13 septanm nan, yon ekip moun yo pa rive idantifye atake lokal radyo Model FM ki chita kò l nan komin Petyonvil nan ri Rebeka # 69. Gen yon anplwaye radyo a ki sòti blese. Radyo sa a ki se pwopriyete ansyen senatè Rony Célestin. Lokal Stasyon […]Lire plus...

Yon anplwaye Digicel tonbe nan Komin Taba

Marie Lydie Duvivier ki se aktyèl anplwaye konpayi Digicel jwenn lanmò l jodi madi 13 septanm 2022 a nan komin Taba aprè moun ak zam yo pa rive idantifye fin asasinen. Marie Lydie te fenk sot renouvle viza li nan Anbasad amerikèn ki twouve l nan menm zòn nan. Viktim nan se kolaboratris yon Medya […]Lire plus...

Gang Ti Makak nan Laboul 12 gaspiye 3 polisye

Daprè yon sous nan Lapolis, bandi ki fè pati baz Ti Makak nan Laboul 12 retire lavi 3 polisye nan e blese plizyè lèzòt nan kad echanj kout zam sa yo. Bandi yo fin touye polisye yo e pati ak kadav yo. Selon enfòmasyon yo, ensidan sa a lakoz gen anpil plenyen nan lapolis paske […]Lire plus...

Contact Us