Wilson Joseph alyas Lanmò 100 jou voye yon lèt bay Antonio Guterres, sekretè jeneral Nasyon Zini jounen dimanch 1e novanm nan pou di l depi aprè disparisyon 4 salvadoryen yo, bagay yo pa bon pou yo nan Kwadèboukè. Misye di li pè pou entèvansyon Nayib Bukele a pa debouche sou yon gwo dezas nan Plèn nan, nan sans sa a, li mande pou Nasyon Zini voye yon delegasyon prese prese pou dyaloge pou yo ka jwenn lapè. Misye di se dyalòg ki dwe priyorize, se pa kout zam ki dwe chante.
Si Lanmò San Jou ap mande dyalòg, sa tout moun dwe konnen se ak kiyès li pral chita paske popilasyon kriminèl yo ap toupizi yo, sèl dyalòg yo se dwe prizon oubyen simetyè.













