Pandan temwayaj li devan tribinal federal Miami an, nan peyi Etazini, John Joël Joseph rapòte pawòl Joseph Vincent, te di : “N ap touye l, epi mete dife nan kay la”. Deklarasyon sa a fèt nan kad pwosè sou asasina prezidan ayisyen Jovenel Moïse la. Ansyen senatè a ap prezante devan tribinal la eleman li konnen sou evènman ki te antoure asasina chèf Leta ayisyen an.
N ap raple John Joël Joseph deja gen kondanasyon avi nan kad dosye sa a, se kontinye li kontinye ap avwe fè ki te antoure zak la.













