Fedner Lumène touye mennaj li, Pharana Ruth-Love Edmël, yon enfimyè, samdi 31 oktòb 2026 la, nan depatman Nip. Daprè deklarasyon prezime asasen an fè devan otorite yo, li te komèt zak la paske li te sispèk mennaj li t ap twonpe l ak lòt gason. Modèl krim pasyonèl sa yo repete anpil dènye tan sa yo nan peyi a.
Sa ki enpòtan pou n sinyale, okenn gason oubyen fanm pa gen dwa pou retire lavi yon patnè sou pretèks l ap twonpe l.













