Moun ki sanksyone pa gen plas yo nan kous pou pouvwa a nan peyi d Ayiti, se konsa peyi Kanada deside pale nan yon kominike li pibliye maten vandredi 30 oktòb la. Anbasad Kanada nan peyi d Ayiti lanse yon mizangad kont tout pèsonalite ki gen non yo site nan gang ak kòripsyon nan peyi d Ayiti ki vle ale nan eleksyon. Anbasad la pale ak KEP a dirèkteman pou mande l asire l pwosesis elektoral la fèt nan entegrite.
N ap raple gen anpil krazèd peyi ki gentan enskri nan kous la pou prezidan, depite ak senatè. Kanada mande pou KEP a resezi l.













