Avoka Phénil Gordon Désir, yon ansyen dirijan pati politik “Ayiti 2054” jwenn arestasyon l ayè mèkredi 28 oktòb 2026 la nan Petyonvil. Se Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) ki fouke l nan kad ankèt sou asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse. Daprè sous jidisyè yo, lapolis t ap chache mèt Gordon nan kad dosye sa a. Arestasyon li an relanse kesyon sou lòt moun ankèt la ap vize nan konplo ki te debouche sou asasina ansyen chèf leta a nan sware 6 pou rive 7 jiyè 2021 an.
Mèt Gordon se te youn nan avoka CTU yo e li te gen avi rechèch dèyè l depi byen lontan selon enfòmasyon nou dispoze.













