Ayè madi 27 oktòb 2026 la, gen 690 militè salvadoryen ki debake nan peyi d Ayiti nan yon vòl chatè. Selon jounalis Frantz Duval, chif sa a lakoz total la pase a 1300 paske gen plizyè santèn ki te la avan. Selon sa yon manm nan gouvènman an deklare, se yon peyi zanmi k ap vin ede Ayiti, se pa yon envazyon. Militè sa yo vini toujou pou trake gang yo ak jwenn koz disparisyon 4 teknisyen yo depi 18 oktòb pase a nan zòn Santo.
Li enpòtan pou n soulinye jiskaprezan, poko janm gen yon reyaksyon ofisyèl gouvènman ayisyen an sou dosye sa a.













