Gordon Phénil Désir transfere bay lajistis amerikèn ayè vandredi 30 oktòb 2026 la, nan kad ankèt sou asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse. Se ajan FBI ki te vin chèche li nan Pòtoprens. Li plase kounye a nan detansyon nan Broward County, Florid, anba kontwòl US Marshals. Gordon Phénil Désir, 53 lane, te arete mèkredi 28 oktòb nan Petyonvil. Non li te site nan jijman Christian Emmanuel Sanon, kote li prezante kòm youn nan moun ki te konn sèvi kòm chofè pou mèsenè kolonbyen yo epi jere kesyon manje pou yo.
Daprè eleman ankèt la, Duberney Capador te mande kolonbyen yo pou prezante Gordon kòm yon pastè yo tap vin travay avèk li ann Ayiti, si otorite fwontyè yo ta poze yo kesyon.













